✦ BABELICA ✦ ☘︎ 24-25 SEPTEMBER 2025 ⚑ INTERNATIONAL ONLINE BOOK FAIR OF INDEPENDENT PUBLISHING ✦ BABELICA ✦ ☘︎ 24-25 DE SEPTIEMBRE DE 2025 ⚑ FERIA INTERNACIONAL Y EN LÍNEA DE LA EDICIÓN INDEPENDIENTE ✦ BABELICA ✦ ☘︎ 24-25 SEPTEMBRE 2025 ⚑ SALON INTERNATIONAL DE L’ÉDITION INDÉPENDANTE EN LIGNE

Literature

Ar Guens Jean Mary , 

Sergine André ill.

Wòch se premye pwen m voye deja

Throwing stones is my first way to express my anger

wòch se premye pwen m voye deja eksprime yon kout kòlè k sòti ak tout fòs nan zantray powèt la. Se dimansyon laraj ki abite l epi enpwisans li devan lenjistis ak tout move zè k frape lantouray li charye. Li pote pawòl sila yo k pa gen vwa pou pale, pou rele chalbari dèyè babari, lamizè ak move lavi. Li pote tou chante tout inosan k ap mouri toufe, sila yo fènwa bare chimen paske yo pa jwenn moso solèy pou klere lavi yo. S on kout kanno kont tout antrav ki vle pran lavi an otaj.

Ar Guens Jean Mary fèt Pòtoprens nan lane 1992. Powèt-pèfòmè, eslamè, li etidye Syans Edikasyon nan Inivèsite Piblik Jakmèl nan Sidès, e li se responsabb kiltirèl Sant Maurice Cadet nan Jakmèl. Wòch se premye pwen m voye deja se katriyèm rekèy powèm li.

Throwing stones is my first way to express my anger expresses a burst of anger coming out with all the force from the poet's gut. It is the dimension of rage that inhabits him and his impotence in the face of injustice and all the evil that strikes around him. He brings the words of those who don't have a voice to speak, to call hardship after poverty, barbarism and bad life. It also brings the song of all the innocents who are dying of suffocation, those whose path is blocked by darkness because they do not find a piece of sunshine to brighten their lives. It is a fight against all the obstacles that want to take life hostage.

Ar Guens Jean Mary was born in Port-au-Prince in 1992. Poet-performer, slammer, he studied Education Sciences at the Jacmel Public University, and is the cultural manager of the Maurice Cadet Center in Jacmel. Throwing stones is my first way to express my anger is his fourth collection of poem.

Made with ❤ by PCFH Studio & Thibault Daumain